Chak fwa ke ou vini nan lopital nou-an pou resevwa swen, se tout dwa-ou pou nou mete a dispozisyon-ou yon entèprèt pou tradwi pou oumenm si ou pa pale angle; e ou pa genyen pou peye anyen pou sa.

Biwo entèprèt yo louvri

  • De lendi a vandredi depi setè (7:00) di maten jiska huit te (8:00) diswa
  • Le samdi ak dimanch biwo-a louvri depi  sete (7:00) di maten jiska size edemi(6:30) diswa

Lè ou bezwen yon doktè, ou kapab oubyen klike nan ribrik-la ki make Sa ki vle di: kijan pou kapab jwenn yon doktè oubyen ou kapab rele dirèkteman nan nimewo sa-a 800-711-46-44. Si w  ta renmen pale ak yon memb nan pesonel medical  la, rele Liy telefonn creole la direk nan nimewo 617-726-0351 osinon rele  nimewo depatman entepret yo ki se 617 726-6966.

Se pou rele Depatman Sèvis Entèprèt-la nan nimewo 617-726-6966:

  • Lè ou bezwen mete,konfime oubyen anile yon randevou
  • Lè ou bezwen mande nou pou nou ba-ou yon entèprèt
  • Lè ou bezwen pale ak doktè-ou,enfimyè-ou oubyen nenpot lot moune ki anchaj-ou lopital-la tèlke yon asistan sosyal (social worker).
  • Lè ou bezwen enfomasyon osijè de yon manb nan fanmi-ou ke yo admèt nan Lopital Jeneral Masachisèt-la.

Si se nan yon lòt peyi etranje ke wap viv, men ou ta renmen rantre OZETAZINI pou vini swiv trètman nan Lopital Jeneral Masachisèt-la ki nan Boston, tanpri nou ta mande-ou pou kontakte biwo-a ki okipe li de Pasyan entènasyonal-yo.

Dirèksyon

Clike isit-la si ou ta vle konnen ki dirèksyon pou kapab swiv pou vini nan Lopital Jeneral Masachisèt-la.

Parking

Genyen 2 paking ki a dispozisyon pasyan-yo ak vizitè-yo pou yo kapab gare vwati yo. Ou kapab rantre nan premye paking nan anpasan pa ri-a ki rele Fruit Street. Pou ale nan lot paking nan, se pou pase pa ri-a ki make Parkman Street. Nan chak paking-yo, na va jwenn yon kèsye ki anchaj pou valide tikè-paking nou, sa vle di la va banou yon rediksyon sou pri tikè-a.

Bis Gratis

Genyen yon Sevis Bis Gratis kap transpòte moun depi Gran Lopital Jeneral Masachisèt-la a plizyè lot Sant de sante ki fè pati de Lopital-la tou. Bis-yo pran moun nan Sant de sante sa-yo tou pou mennen yo nan gran Lopital Jeneral-la. Clike isit-la pou jwenn enfomasyon sou Sèvis Bis Gratis sa-yo avèk orè-yo.