| Chak fwa ke ou vini nan lopital
nou-an pou resevwa swen, se tout dwa-ou pou nou mete a dispozisyon-ou
yon entèprèt pou tradwi pou oumenm si ou pa pale angle;
e ou pa genyen pou peye anyen pou sa.
Biwo entèprèt yo louvri :
- De lendi a vandredi depi setè (7:00) nan maten jiska
minwi
- Le samdi ak dimanch biwo-la louvri depi dizè (10:00)
nan maten jiska dizè (10:00) nan aswè
Lè ou bezwen yon doktè, ou kapab oubyen klike nan
ribrik-la ki make Find
a doctor (Sa ki vle di: kijan pou kapab jwenn yon doktè)
oubyen ou kapab rele dirèkteman nan nimewo sa-a 1-800-711-46-44.
Si toutfwa ou tava bezwen yon moun pou ede-ou fè apèl
sa-a, ou mèt kontakte biwo entèprèt-la nan
nimewo 617-726-6966.
Se pou rele Depatman Sèvis Entèprèt-la nan
nimewo 617-726-6966 :
- lè ou bezwen mete,konfime oubyen anile yon randevou
- lè ou bezwen mande nou pou nou ba-ou yon entèprèt
- lè ou bezwen pale ak doktè-ou,enfimyè-ou
oubyen nenpot lot moune ki anchaj-ou lopital-la tèlke yon
asistan sosyal (social worker).
- lè ou bezwen enfomasyon osijè de yon manb nan
fanmi-ou ke yo admèt nan Lopital Jeneral Masachisèt-la.
Si se nan yon lòt peyi etranje ke wap viv, men ou ta renmen
rantre OZETAZINI pou vini swiv trètman nan Lopital Jeneral
Masachisèt-la ki nan Boston, tanpri nou ta mande-ou pou kontakte
biwo-a ki okipe li de
Pasyan entènasyonal-yo (International Patient Center).
Dirèksyon
Clike isit-la si ou ta vle konnen
ki dirèksyon pou kapab swiv pou vini nan Lopital Jeneral
Masachisèt-la (Mass General Hospital).
Parking
Genyen 2 paking ki a dispozisyon pasyan-yo ak vizitè-yo pou
yo kapab gare vwati yo. Ou kapab rantre nan premye paking nan anpasan
pa ri-a ki rele Fruit Street. Pou ale nan lot paking nan, se pou
pase pa ri-a ki make Parkman Street. Nan chak paking-yo, na va jwenn
yon kèsye ki anchaj pou valide tikè-paking nou, sa
vle di la va banou yon rediksyon sou pri tikè-a.
Bis Gratis
Genyen yon Sevis Bis Gratis kap transpòte moun depi
Gran Lopital Jeneral Masachisèt-la a plizyè lot Sant
de sante ki fè pati de Lopital-la tou. Bis-yo pran moun nan
Sant de sante sa-yo tou pou mennen yo nan gran Lopital Jeneral-la.
Clike
isit-la pou jwenn enfomasyon sou Sèvis Bis Gratis sa-yo avèk
orè-yo.
|