Kisa dyabèt ensipid la ye?

Dyabèt ensipid (DI) se yon maladi ki rive lè ren yo pa ka regle kantite likid ki nan kò a. Sa vin fè kò a pwodui twòp pipi, epi sa ka lakòz dezidratasyon.

Gen 2 tip dyabèt ensipid. Se yon doktè diferan ki trete chak tip DI.

  • DI ki gen orijin santral oswa newojèn se lè glann pituitè a (yon ti glann ki anba sèvo a ki kontwole lòt glann ki nan kò a) pa lage vasopresin nan sikilasyon san an. Se andokrinològ (doktè ki konn trete glann andokrin) ki trete timoun ki gen DI ki gen orijin santral oswa newojèn.
  • DI nefwojenik se lè ren an pa reyaji lè l resevwa vasopresin. Se nefwològ (doktè ki konn trete ren) ki trete timoun ki gen DI nefwojenik.

Ki sentòm ki prezante lè yon moun gen di?

Timoun ki gen DI ka prezante sentòm sa yo:

  • Yo swaf anpil
  • Si pitit ou pa gen ase likid pou l bwè, li ka bwè likid nan kote li pa abitye bwè tankou nan tiyo awozaj, nan benywa oswa nan akwaryòm.
  • Yo bezwen pipi pi souvan pase jan yo abitye pipi, sitou leswa.
  • Gen timoun ki ka pipi nan kabann leswa.
  • Yo pito bwè dlo glase pase yo bwè lòt likid
  • Gen timoun ki pèdi pwa (megri)
  • Timoun yo ka pèdi pwa (megri) poutèt yo twò okipe ap bwè dlo epi poutèt yap pipi anpil epi yo pa manje ase.
  • Gen tibebe ki pran pwa (gwosi)
  • Tibebe yo ka pran pwa (gwosi) poutèt yo bwè twòp lèt defason pou yo jwenn ase likid.
  • Dezidratasyon

Kisa ki lakòz di?

Sa ki lakòz DI ki gen orijin santral oswa newojèn pa menm ak sa ki lakòz DI nefwojenik.

Men sa ki ka lakòz DI ki gen orijin santral oswa newojèn:

  • Lè ipotalamis la oswa glann pituitè a domaje hòk nan tèt
  • Yon enfeksyon, yon timè oswa yon boul (mas) toupre ipotalamis la oswa glann pituitè a
  • Operasyon yo fè toupre ipotalamis la oswa glann pituitè a
  • Lè ipotalamis la oswa glann pituitè a pat devlope kòmsadwa anvan tibebe a fèt
  • Sa ka rive sanzatann, san pagen okenn rezon ki esplike l
  • Nou rele sa DI idyopatik, sa vle di nou pa konnen kisa ki lakòz ni rezon ki bay DI ki gen orijin santral oswa newojèn la.

Men sa ki ka lakòz DI nefwojenik:

  • Pwoblèm jenetik ki fè ren an pa ka reyaji kòmsadwa lè li resevwa vasopresin oswa gen lòt pati nan ren an ki pa ka kenbe dlo jan l sipoze kenbe l
  • Medikaman tankou lityòm ak demeklosiklin (yon antibyotik)
  • Enfeksyon nan kannal pipi (UTI, nan lang anglè)
  • Dezekilib nan sèten pwodui chimik ki nan san an, tankou kalsyòm ak potasyòm
  • Domaj nan tib ki nan ren yo (tib ki anndan ren yo ki transfere dlo ak sèl pou yo vin tounen pipi)

Kisa vasopresin ye?

Vasopresin se yon òmòn ki ede moun kenbe kantite dlo yo sipoze kenbe nan kò yo. Trè souvan yo konn rele l òmòn antidiyiretik oswa "ADH".

Se ipotalamis la (yon ti pati nan sèvo a ki sou tèt glann pituitè a) ki pwodui vasopresin epi se nan glann pituitè a rezèv vasopresin nan rete pou kò a ka itilize l. Se nan pati sou dèyè glann pituitè a rezèv vasopresin nan rete jiskaske kò a bezwen l.

Nòmalman, lè kò a bezwen kenbe likid, glann pituitè a lage vasopresin nan ren yo. Se sa ki pèmèt ren yo kenbe likid defason pou kò a pa vin dezidrate. Poutèt sa, ren yo vin pwodui mwens pipi pase sa yo konn pwodui a.

Lè gen yon pwoblèm avèk vasopresin, ren yo pèdi twòp likid. Se sa ki lakòz dezidratasyon e ki fè moun pipi souvan.

Kijan nou trete di?

Tretman DI ki gen orijin santral oswa newojèn pa menm ak tretman DI nefwojenik. Nou trete DI ki gen orijin santral oswa newojèn ak medikaman pou bay efè vasopresin yo ke kò a bezwen. Medikaman sa a vin sou 2 fòm, ki se:

  • Vasopresin sou fòm enjeksyon
  • Efè enjeksyon vasopresin nan dire kèlke minit sèlman.
  • Sou fòm yon medikaman ki rele desmopressin

Efè desmopressin la dire ant 8 ak 24 èdtan. Yo ka administre desmopressin sou fòm espre nazal (ou vaporize l nan nen w), sou fòm grenn oswa enjeksyon. Anjeneral yo administre li 2 fwa pa jou. Lè pitit ou ap pran desmopressin, li toujou bon pou fè pitit ou pipi anvan l pran pwochen dòz la. Konsa wap asire w pitit ou pap chaje ak likid nan kò l. Epitou pou n trete DI, nou fè timoun yo bwè likid lè yo swaf sèlman. Nou pa kite yo bwè poutèt yo vle bwè oswa poutèt yo renmen yon bwason. Konsa nou anpeche timoun yo vin chaje ak likid.

Pafwa li difisil pou trete tibebe ki gen DI ki gen orijin santral ak desmopressin poutèt yo bezwen pran kont likid pou yo jwenn alimantasyon yo bezwen an. Byen souvan tibebe yo reyaji pi byen lè yo trete yo avèk idwoklowotyazid (hydrochlorothiazide); yon medikaman yo administre sou fòm yon grenn oswa likid ak yon fòmil ki pa gen anpil pwoteyin ke yo dilye (nan dlo) jiskaske pifò manje tibebe yo manje se manje solid. Idwoklowotyazid aji sou ren yo pou ede yo kenbe dlo kò tibebe w la bezwen.

Men kèk nan fason nou konn trete DI nefwojenik:

  • Suiv yon rejim alimantè ki pa gen anpil pwoteyin
  • Bwè likid, dlo sitou
  • Administre medikaman tankou idwoklowotyazid (hydrochlorothiazide)

Puiske se domaj nan ren ki pafwa lakòz DI nefwojenik, lè nou trete rezon ki fè ren yo domaje, sa ka ede ren yo geri defason pou yo reyaji a vasopresin nòmalman. Men sa nou ka fè:

  • Sispann tout medikaman ki lakòz DI nefwojenik
  • Trete yon enfeksyon nan ren
  • Rektifye yon dezekilib nan nivo kalsyòm ak potasyòm

Ki pèspektiv sante ki genyen pou pitit mwen ki gen di?

Timoun ki gen DI ki gen orijin santral oswa newojèn konn reyaji byen lè yo trete yo avèk medikaman. Si pitit ou gen DI idyopatik, lap bezwen fè analiz regilyèman, ikonpri Imajri a Rezonans Mayetik (MRI) pou glann pituitè a, pou n ka konnen si gen yon kòz ke nou pat ka jwenn.

Rezilta pou timoun ki gen DI ki gen orijin santral oswa newojèn depann de kòz ki bay DI a. Paregzanp, si pitit ou te resevwa yon chòk nan tèt, li ta dwe kapab viv nòmalman si chòk li te resevwa nan sèvo a geri. Sepandan, pitit ou ap gen pou l kontinye pran medikaman pou DI. Pafwa, lè se yon chòk nan tèt oswa yon operasyon ki lakòz DI ki gen orijin santral oswa newojèn, maladi DI a konn ale poukont li, ofiramezi tan an ap pase. Sa rive poutèt fib nè ki nan ipotalamis la ki te koupe yo vin pouse dousman epi yo rekòmanse fè rezèv vasopresin ankò.

Timoun ki gen DI nefwojenik reyaji trè byen si lakòz DI yo a se te yon medikaman yo ka sispann oswa yon anomali chimik ke yo ka kontwole. Se pou yo pran prekosyon lè yap trete timoun ki fèt ak DI nefwojenik defason pou pwoteje ren yo leplis posib. Epitou timoun yo fèt pou yo byen idrate, menm lè yo malad, pou pwoteje devlòpman sèvo yo. Sa enpòtan sitou pou timoun piti.

Kilè pou m rele doktè m?

Rele doktè w si pitit ou:

  • Gen vomisman oswa dyare poutèt yon maladi
  • Se pou yon doktè konsilte pitit ou tousuit pou l pa vin dezidrate anpil.
  • Entène lopital, si l fè operasyon oswa si l bezwen likid nan sewòm (IV)
  • Mande lòt pwofesyonèl swen sante w pou l kontakte andokrinològ oswa nefwològ kap suiv pitit ou a. Doktè kap trete DI pitit ou ka ede deside ki likid nan sewòm ak ki medikaman pitit ou dwe pran.
Rev. 4/2015