Fwa ( ) Ren ( )

Lòt bagay: ______________________

Nan ki sans sedatif la pral afekte pitit mwen?

Sedatif yo te bay pitit ou a pou yo fè pwosedi a toujou nan òganis li. Kidonk, pitit ou a dwe rete an repo pou tout rès jounen an.

( ) Gade Fòm Sedatif Pedyatrik la

Kilè pitit mwen an ap kapab jwe epi kilè lap kapab tounen lekòl?

Pitit ou a ka jwe/fè ti aktivite jodiya. Epitou pitit ou ka retounen lekòl dè lelandmen, men sèl bagay, li pa ka soulve anyen ki peze ant plis pase 5 a 10 liv, amwenske doktè w la di yon lòt koze.

Ki medikaman m ka bay pitit mwen pou doulè?

Ou ka bay pitit ou medikaman yo vann san preskripsyon, tankou Tylenol® (Acetaminophen) oswa Advil® (Ibuprofen), si l gen ti doulè. Si w bezwen konnen si w ka bay pitit ou medikaman sa yo, mande doktè w.

Kijan pou m pran swen pansman an?

( ) Fwa ( ) Pankreyas ( ) Ren ( ) Lòt

  • Yo ka mete yon ti pansman kote yo te foure zegwi pou yo fè biyopsi a.
  • Ou ka wete pansman an lelandmen apre yo fin fè biyopsi ak zegwi a.
  • Kenbe kote yo foure zegwi a byen sèch lèfini kite l byen pwòp.
  • Ou pa bezwen mete yon nouvo pansman.

Kilè pou m rele dokè m?

Rele doktè w si pitit ou gen nenpòt pwoblèm:

  • Lafyèv ak frison
  • Gwo doulè, emoraji, mak woujè ak anflamasyon kote yo foure zegwi a
  • Souf li kout

Leswa ak lèwikenn, ou ka rele sèvis ki pran mesaj la nan 617-726-1818 pou jwenn yon doktè. Mande operatè a rele Moun ki nan sèvis Entèvansyon Radyoloji ki Pa Vaskilè" (Non-Vascular Interventional Radiology Fellow) a."

Doktè ki refere w la pral pale avè w sou rezilta biyopsi a.

Si dapre sentòm pitit ou genyen yo ou panse li ta dwe fè yon konsiltasyon medikal imedyatman, ale nan Sal Dijans ki pi pre w la.

Enfimyè: _____________________________________, RN (Enfimyè Otorize) Dat: _______________

Yo te revwa enstriksyon sa yo avèk mwen, epi yo te reponn tout kesyon m yo. Siyati Paran/Responsab Legal/Pasyan: __________________________ Dat: _______________