Lè wap kondui pou ale lakay ou:

  • Fè pitit ou chita dwat nan yon chèz pou timoun oswa fè l tache senti sekirite l. Si dòmi volè pitit ou epi tèt li ap pann sou devan, remete tèt li pa dèyè toudousman pou l ka respire pi fasilman.
  • Si pitit ou se yon tibebe, li pap kapab kenbe tèt li dwat san l pagen sipò. Mete pitit ou nan chèz tibebe a pou li pa pandye sou devan ak fèmen vwa respiratwa l.
  • Si w gen yon dezyèm adilt ki nan machin nan avè w, fè l chita kote l ka siveye timoun nan.

Aktivite:

  • Pitit ou ka gen dòmi nan je l toujou, li ka gen vètij oswa l ka pa ka kanpe dwat sou pye l, jodiya.
  • Fè pitit ou repoze l oswa kite l jwe trankilman pou rès jounen an. Timoun yo pa dwe fè okenn aktivite ki mande ekilib ak kowòdinasyon.
  • Pa kite pitit ou poukont li.
  • Suiv rekòmandasyon doktè w ba ou asavwa kilè pitit ou ka reprann avèk aktivite nòmal li.
  • Tinedjè yo pa fèt pou kondui, ni fimen, ni bwè alkòl.

Alimantasyon:

  • Kòmanse bay pitit ou bwè likid transparan (tankou ji pòm, dlo, Jell-O, ginger ale oswa popsicles). Ankouraje yo bwè likid.
  • Ogmante alimantasyon pitit ou dousman epi evite ba l manje pou kore l nan kèlke èdetan.
  • Pafwa gen timoun ki konn gen kè plen epi yo konn vomi youn ou de fwa. Si pitit ou vomi, tann 30 minit epi ofri l yon ti kantite likid klè (2 zons). Ankouraje pitit ou bwè likid epi ogmante kantite a dousman ofiramezi pitit ou ap refè.
  • Sèl lè pou enkyete se si lap plede vomi san rete.

Dòmi:

  • Lè pitit ou tounen lakay, li pral dòmi pandan yon bon tan, men li ta dwe leve nan dòmi a fasilman.
  • Si posib, fè pitit ou dòmi sou kote l, jodiya ak demen. Tcheke sou li regilyèman pou asire w ke li respire san pwoblèm e ke l pa vomi.

Rekòmanse ak Medikaman yo:

  • Pitit ou ka rekòmanse pran medikaman li abitye pran yo kou l tounen lakay li.

Retounen nan Gadri/Lekòl:

  • Si pitit ou ap aji nòmalman epi l manje manje l abitye manje, li ka retounen lekòl oswa nan gadri nan dat: ____________________.

Si w remake youn nan bagay suivan yo, rele doktè w:

  • Timoun nan pa bwè likid li abitye bwè disi demen
  • Li gen kè plen ak vomisman ki dire plis ke katrè detan
  • Li gen yon gwo maltèt oswa gwo doulè
  • Timoun nan pa pipi nan pwochen 12 zèdetan yo
  • Chanjman sibit nan nivo aktivite l, li pi ajite oswa l pa ka dòmi
  • Nenpòt bagay ki enkyete w

Doktè: _____________________________

Nimewo telefòn 24 è sou 24, 7 jou sou 7: __________________

Rele 911 oswa ale nan depatman dijans la avèk pitit ou:

  • Si l pa ka leve nan dòmi
  • Si koulè po il vin trè pal, yon jan gri, oswa ble
  • Si l gen difikilte respire – si l respire lejèman oubyen twò dousman, oswa si li diferan parapò a sa w te konn remake avan.
Rev. 10/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.