Jou Egzamen An

  • Likid transparan (ji pòm, dlo oswa pedyalit) jiska 2 zèdtan avan lè pou l rive a
  • Lèt tete jiska 4 èdtan avan lè pou l rive a
  • Timoun ki poko gen 1 an ka pran fòmila jiska 6 zèdtan avan lè pou yo rive a

Ki Kote Pou Anrejistre

  • Tanpri ale nan Ellison 2, Suite 237 pou Imajri Pedyatrik (Pediatric Imaging).

Ki Rad Pou Mete Ak Kisa Pou Pote

  • Tibebe/pitit ou fèt pou mete rad ki laj sou li.
  • Si l gen yon randevou pou ale fè yon MRI, pa mete okenn rad ki gen metal, kit se bouton oswa fèmti an metal, kit se zip, kit se bouk sentiwon.
  • Pote rad derechanj pou timoun piti yo, paregzanp kanson kouchèt jetab (pull-ups) oswa kouchèt jetab (diapers), si yo konn itilize yo.
  • Tanpri lè wap vini, pote fòmila, yon gode oswa yon sison pitit ou pi renmen. Si yo konn gen alèji, pote manje espesyal yo konn manje.

Kimoun Ki Pou Vini

  • Nou mande pou omwen yon paran oswa responsab legal akonpaye tibebe/timoun nan.
  • Nou mande w pou pa vini ak lòt frè ak sè, puiske sa ka mete plis presyon sou timoun nan epi apre pwosedi a, reyanimasyon an pral pran 1 a 3 zèdtan.

Ki Medikaman Pou Bay

  • Si tibebe/timoun nan gen medikaman li pran regilyèman, konsilte pedyat ou pou konnen si w ka bay pitit ou medikaman an avan pwosedi a. Si doktè w la di ou te mèt bay tibebe/timoun nan medikaman an avan egzamen an, tanpri ba li medikaman an ak likid transparan.

Kisa Pou w Antisipe

  • Preparasyon pou yon sedatif/GA pran apeprè 1 èdtan.
  • Tout pwosedi a pral dire ant 2 a 5 èdtan.
  • Tan egzamen sa a pran varye.
  • Yon paran oswa responsab legal pral oblije rete pandan tan sa a.
  • Fè aranjman davans pou ka gen mwayen transpò pou ale lakay ou. Nou pa konseye w pran transpò piblik.

Kilé Pou Rele

  • Si pitit ou gen yon rim, si lap touse, si l gen lafyèv, si l gen yon grip, vomisman ak dyare nan jou maten pwosedi a, tanpri rele moun ki Responsab Randevou Pedyatrik la (Pediatric Scheduler) nan617-726-7915 pou pran yon lòt randevou pou fè pwosedi a.
  • Sizoka w ta gen nenpòt kesyon, tanpri rele Enfimyè Imajri Pedyatrik la nan 617-724-4124.