Preparasyon Pou Vwayaj Ou

  • Si pitit ou ap pran avyon, mande doktè oswa enfimyè pitit ou pou l bay yon nòt medikal pou vwayaj la. Liy ayeryèn nan sipoze kite w monte nan avyon an avèk akseswa pou dyabèt, sepandan li toujou bon pou gen yon nòt pou kesyon sekirite, sizoka yo ta mande w li.
  • Mete akseswa pou dyabèt yo nan ti malèt wap monte ak li nan avyon an. Konsa, wap asire ke pitit ou gen akseswa pou dyabèt yo avèk li lè li rive kote l prale a.
  • Pitit ou fèt pou l mete braslè oswa kolye alèt medikal li sou li.
  • Li mye pou dekonekte ponp ensilin pitit ou lè avyon an ap dekole ak lè lap ateri paske chanjman nan presyon lè a ka afekte administrasyon ensilin nan. Pa bliye rekonekte ponp la lè avyon an fin dekole oswa ateri!

Materyèl Pou Pote Nan Avyon An

  • Glikomèt, bandlèt ak lansèt pou fè tès
  • Ensilin a-aksyon rapid (Humalog®, NovoLog® oswa Apidra®) ak sereng oswa zegwi estilo
  • Ensilin bazal (a-aksyon pwolonje)(Levimir®, Lantus® oswa NPH)
  • Aparèy pou mezire ketòn ak/oswa bandlèt pou mezire ketòn nan pipi
  • Materyèl ipoglisemik, tankou:
    • Glisid ki aji rapid, tankou konprime glikoz oswa glikagon
    • Lòt manje, sizoka vòl la gen reta
  • Si pitit ou gen yon ponp, pote:
    • Pil anplis ak twous pèfizyon
    • Sereng pou ranpli rezèvwa a, sizoka ponp lan pa mache

Kijan Pou Administre Ensilin Bazal (A-Aksyon Pwolonje) Le W Prale Nan Yon Zòn Kote Fizo Ore (Le) A Chanje

  • Si pitit ou gen yon ponp, repwograme lè ki nan ponp la pou l koresponn avèk lè li fè kote l ye a lè l rive kote l prale a. Lè pitit ou retounen lakay ou, remete ponp lan nan lè li fè lakay ou.
  • Si pitit ou pran ensilin bazal ki gen aksyon pwolonje chak 24 èdtan, li fèt pou l kontinye pran l chak 24 èdtan. Sa vle di pitit ou pral bezwen pran pwochen dòz ensilin li nan lè li fè kote l ale a.
  • Si w vle, ou ka swa avanse oswa rekile lè a inèdtan toulejou pou ka jwenn yon lè ki bon pou ou ak pou pitit ou. Li ka pran ensilin a 8 a.m. yon jou, a 7 a.m. nan landemen epi a 6 a.m. nan jou apre a. Li ka pi pratik si w kòmanse ajiste lè a anvan menm ou vwayaje. Fason sa a se fason ki pi bon an lè wap vwayaje nan zòn kote gen kèlke zèdtan de diferans sèlman.
  • Gen lòt fason w ka regle lè ensilin nan lè w pral kote fizo orè (lè) a pa menm. Ekip ki trete dyabèt pitit ou ka ede w fè yon plan pèsonalize.

Amize W Kote W Prale A

Bèl mèvèy anba solèy

  • Byenke pa gen nesesite pou mete ensilin nan frijidè, si chanjman tanperati a ekstrèm, sa ka diminye sou nivo konsantrasyon ensilin nan.
  • Li toujou pi bon pou mete ensilin nan yon glasyè. Pa kite ensilin nan pran kontak dirèk avèk solèy la lè w nan lanmè oswa lè w nan machin.
  • Si pitit ou pral antre nan dlo epi l pap konekte sou ponp lan pandan pifò tan nan jounen an, ou gen enterè ba li yon enjeksyon ensilin bazal pou l ka gen ensilin nan kò l pandan 24 èdtan. Epitou w ka dekonekte ponp lan sou timoun nan pandan inèdtan apeprè avan w rekonekte l.
  • Si w remake nivo sik nan san pitit ou a wo epi li pa desann jan l ta dwe desann avèk dòz ensilin ou abitye ba li a, chanje l pou ba li yon nouvo flakon ensilin. Li posib ke ensilin nan te ekspoze nan gwo chalè.

Nan pak amizman an

  • Konsidere konsèy nou bay anwo a sou chalè a ak dekonekte ponp lan.
  • Si timoun nan pral monte nan yon manèj kap fè vitès oswa ki pral mete l tèt-anba, dekonekte ponp ensilin nan.

Si Wap Vwayaje Andeyò Etazini

  • Pa bliye pote akseswa dyabèt anplis. Gen sèten ekipman, akseswa oswa tip ensilin ou ka pa jwenn fasil kote w prale a. Ekip ki trete dyabèt pitit ou pa ka bay preskripsyon onivo entènasyonal.
  • Prepare yon plan pou ka dijans pou ka konnen ki kote yo ka ede w, oswa ki moun pou kontakte nan ka dijans.
  • Asire w ke ou itilize ensilin U-100. Ensilin Ozetazini se U100 (100 inite pa mililit). Epitou ensilin andeyò Etazini kapab U-40 (40 inite pa mililit).

Si w gen kesyon, pa ezite poze nou yo. Kontakte nou nan (617)726-2909. Bon Vwayaj!

Rev. 7/2019