Si w gen plis kesyon oswa si gen bagay kap trakase w konsènan egzamen gastwo-ntestinal siperyè a (UGI) ak entesten grèl, tanpri ontakte espesyalis imajri pedyatrik child life la nan 617-724-1153.
Si w gen plis kesyon oswa si gen bagay kap trakase w konsènan egzamen gastwo-ntestinal siperyè a (UGI) ak entesten grèl, tanpri ontakte espesyalis imajri pedyatrik child life la nan 617-724-1153.

Kisa yon egzamen gastwo-estestinal siperyè (UGI) ak entesten grèl ye?

Yon egzamen gastwo-entestinal siperyè (UGI) ak entesten grèl se yon radyografi ki montre estrikti aparèy gastwo-entestinal siperyè a, ki se pati nan kò a kote manje a pase pandan dijesyon an, ak nan tout entesten grèl la. Egzamen sa a pèmèt radyològ la gade kijan aparèy gastwo-entestinal siperyè a mache; ki vle di lap gade kijan lezofaj, vant, entesten grèl ak ti entesten an fonksyone. Anjeneral egzamen sa a dire ant de (2) a twazèdetan, pafwa l konn dire plis.

Poukisa pitit mwen bezwen yon egzamen gastwo-estestinal siperyè (UGI)?

Yo fè yon egzamen gastwo-entestinal siperyè (UGI) ak nan entesten grèl pou yo jwenn kisa ki bay yon seri pwoblèm tankou difikilte pou vale, vomisman san rezon, malèz abdominal ak endijesyon grav. Nan egzamen sa a, yo pral gade tout aparèy entesten grèl siperyè a ak entesten grèl pitit ou.

Kimoun ki fè egzamen an?

Se yon radyològ nan pedyatri ak yon teknisyen ki resevwa fòmasyon nan radyografi pedyatrik ki pral ede w ansanm ak pitit ou, pandan egzamen an. Epi pandan egzamen yap fè pou pitit ou, ap gen yon espesyalis nan child life kap prezan tou.

Kijan m ka prepare pitit mwen egzamen gastwo-estestinal siperyè (UGI)?

Se dapre laj pitit ou ke wap konn kijan pou prepare l. Yo bay timoun piti ak timoun ki nan laj pre-matènèl yon senp ti esplikasyon avan egzamen an kòmanse. Yo bay timoun ki gen laj pou ale lekòl ak adolesan yo yon esplikasyon ki gen plis detay; sa dwe fèt youn oswa de(2) jou anvan egzamen an. Konsa pitit ou va gen kont tan pou l poze nenpòt kesyon li ka genyen anvan egzamen an. Antouka, li enpòtan pou bay pitit ou verite sou egzamen li pral fè a.

Kijan yo fè yon egzamen gastwo-estestinal siperyè (UGI)?

  • Pitit ou fèt pou l ajen (vant vid) pou egzamen sa a. Yo pral ba ou enstriksyon sou kisa pou timoun nan manje ak restriksyon doktè ki kòmande egzamen gastwo-entestinal siperyè a (UGI) enpoze avan dat egzamen pitit ou an.
  • Pral gen yon teknisyen nan radyografi pedyatrik oswa yon espesyalis timoun ki pral mennen w ansanm ak pitit ou nan sal fliyowoskopi a. Teknisyen radyografi a oswa espesyalis child life la pral esplike w ansanm ak pitit ou, kijan egzamen an pral fèt.
  • Yo pral mande pitit ou chanje rad pou l mete yon blouz lopital. Kou pitit ou fin mete blouz la, yo pral ede l monte sou tab fliyowoskopi a.
  • Yo pral bay pitit ou yon boutèy ak chalimo pou l bwè yon likid epè ki blan yo rele baryòm. Likid sa a se li ki pèmèt radyològ la wè aparèy gastwo-entestinal la pi klèman. Etandone baryòm pa toujou gen bon gou, pitit ou ap kapab chwazi ki savè li pito ant chokola, frèz oswa vaniy pou l mete nan baryòm lan pou l ka gen pi bon gou.
    Si pitit ou konn fè alèji a manje, li enpòtan pou fè ekip radyoloji a konn sa avan egzamen an kòmanse.
  • Radyològ la pral pase kamera fliyowoskopi a sou pitit ou. Kamera a pral rive toupre pitit ou, men kamera a pap manyen pitit ou. Radyològ la pral kòmanse fè imaj radyolojik yo lè pitit ou fin vale likid baryòm lan etan lap pase nan lezofaj la pou l ale nan vant li. Yo pral mande pitit ou pou l kontinye bwè likid baryòm koulè blan an, pandan radyològ la ap pran imaj radyolojik yo. Yo pral mande pitit ou pou l vire sou yon bò epi sou yon lòt bò pandan yap pran imaj radyolojik yo. Imaj radyolojik yo pral pèmèt radyològ la suiv pwogresyon baryòm lan nan aparèy gastwo-entestinal la.
  • Lè likid baryòm lan fin pase nan vant la epi radyològ la fin wè gen ase ki pase nan entesten grèl la, egzamen gastwo-entestinal siperyè a (UGI) fini epi yap kòmanse pran imaj entesten grèl la.
  • Etandone se entesten grèl la kap suiv pwogresyon likid baryòm lan atravè tout entesten grèl la, anjeneral li konn pran ant de (2) a twa-z-èdetan pou l fèt. Gen posibilite yo ka bay pitit ou yon lòt tas likid baryòm pou l bwè. Pitit ou pral oblije bwè tout sa ki nan tas baryòm lan leplivit ke posib, men anjeral li pran 30 minit.
  • Alèkile yo pral mennen oumenm ak pitit ou nan saldeje a. Teknisyen radyografi a pral mennen pitit ou nan sal radyografi a achak 30 minit pou l pran yon seri imaj radyolojik bò abdomèn oswa bò vant li. Yo pral fè yon radyografi nan abdomèn pou pitit ou achak 30 minit jiskaske egzamen an fini.
  • Yon fwa egzamen an fini, pitit ou ka rekòmanse manje sa doktè l te mande l pou manje. Li ta bon pou bay pitit ou plis likid pandan jounen an.

Kisa m ka fè m ede pitit ou pandan pwosedi a?

Wap prezan pandan tout pwosedi pitit ou a.* Li enpòtan pou rete kalm pandan tout egzamen an. Gent timoun ki santi yo alèz lè yo gen yon paran ki la avèk yo. Gen lòt timoun ki bezwen plis sipò. Se pou sa ekip radyoloji a gen lòt bagay yo ka itilize pou distrè pitit ou pandan pwosedi a.

Kisa ki rive yon fwa egzamen gastwo-estestinal siperyè (UGI) fini?

Yo pral voye rezilta egzamen pitit ou bay doktè ki te mande l fè egzamen an. Anjeneral doktè w la pral resevwa rezilta yo nan youn oswa de (2) jou apre egzamen an oswa avan sa. Si gen rezilta ki kritik, yo voye yo bay doktè ki te mande egzamen an tousuit apre pwosedi a fini.

*Fanm ansent pa otorize antre nan sal fliyowoskopi a. (Nou pap kite lòt timoun antre nan sal fliyowoskopi a.)

Rev. 10/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.