Lè w rive nan paking

Mass General
Si ou pake machin ou nan Fruit Street, Parkman Street oswa nan garaj Yawkey Center, ou kapab pake pou yon pri redwi. Valide tikè yo nan kès ki nan biwo peman santral la nan etaj anba chak garaj. Sèvis paking lan disponib soti 6 a.m – rive 8 :00 p.m devan batiman Wang lan.

Anrejistreman
Anrejistre nan biwo Admisyon Operasyon MGfC a ak nan Sal Datant pou Fanmi ki nan 3yèm etaj batiman Ellison nan.

Si w pase nan rantre prensipal la:

  1. Ale nan koulwa prensipal la.
  2. Fè agoch nan direksyon asansè “E” yo avan Coffee Central.
  3. Mache pou rive nan asansè Ellison yo ki anfas MGH Gift Shop la. Monte jis nan 3yèm etaj la.
  4. Swiv liy ble nan etaj la pou rive nan yon seri wout pat kana. Zòn resepsyon an sou bò dwat.

Si w pase nan rantre Wang lan:

  1. Ale tou dwat pou rive nan asansè Wang lan. Chwazi “Rantre Prensipal.”
  2. Mache pou rive nan asansè Ellison yo ki anfas MGH Gift Shop la. Ale nan 3yèm etaj la.
  3. Swiv liy ble nan etaj la pou rive nan yon seri wout pat kana. Zòn resepsyon an sou bò dwat.

Biwo enfòmasyon
Anbasadè yo akeyi ak dirije pasyan yo lè yo vini. Yo ede pasyan, fanmi ak vizitè ki gen demann espesyal tou, tankou soti nan yon machin oswa nan yon chèz woulant. Si ou bezwen èd, anbasadè yo nan rantre prensipal la ak nan rantre pou rive nan batiman Wang lan.

Yon nòt sou anrejistreman ak zòn resepsyon an…

  • Tanpri rive nan lopital la 2 èdtan avan lè yo pwograme operasyon an.
  • Tanpri pa pote manje oswa bwason nan zòn resepsyon an.
  • Pandan nou konprann li pa toujou posib, nou rekòmande w fè aranjman swen timoun nan avan w vin lopital la. Li kapab yon defi pou timoun yo tann pou anpil tan.
  • Enfòmasyon pou kontake Inite Swen Preyoperativ MGfC a : 857-238-1400

Apre anregistreman

Timoun ou an chanje rad pou l mete pijama lopital la
Ede pitit ou chanje rad pou l mete pijama ak chosèt lopital yo. Mete rad yo nan valiz ki make non pitit ou a.

Verifye siy vital yo
Nan zòn preyoperatif la, yon enfimisyè pral pran siy vital pitit ou a (wotè, pwa, tansyon, tanperati, batman kè).

Rankontre ak yon Espesyalis Lavi Timoun
Yon Espesyalis Lavi Timoun pral ede prepare pitit ou a pou sa l dwe atann nan sal operasyon an (OR). Si ou ta renmen pale ak yon Espesyalis Lavi Timoun sou kijan ak kilè pou prepare pitit ou a avan jou operasyon an, tanpri rele Sèvis Lavi Timoun MGfC nan 617-724-1211.

Rankontre ekip k ap nan Chanm Operasyonan ak anestezis la
Rankontre ekip ki pral pran swen pitit ou a nan chanml operasyon an (OR). Anestezis la (doktè ki ede moun dòmi ak rete dòmi san danje epi fason konfòtab pandan operasyon an) pral pale ak ou sou pi bon fason e pi sekirize pou pitit ou ale dòmi.

Ale nan sal operasyon an:

Ale nan sal operasyon an
Nan kèk ka, yon paran oswa responsab kapab ale avèk pitit ou nan sal operasyon (OR) an jiskaske dòmi pran yo. Y ap detèmine sa a an konfidansyalite ak anestezis la ak Espesyalis Lavi Timoun nan, epi y ap diskite avèk ou sou jou operasyon pitit ou a.

Paran oswa responsab mete rad lopital la
Si ou prale ak pitit ou a nan sal operasyon an, ekip swen an ap ba ou yon blouz an papye oswa konbinezon pantalon pou mete sou rad ou yo. Y ap ba ou yon bone pou mete nan tèt ou tou, mas ak pwoteksyon pou soulye.

Pandan operasyon an
Lè dòmi pran pitit ou a, yon manm nan ekip OR la ap fè w ale nan sal resepsyon an, kote ou kapab chita jiskaske operasyon an fini.

Apre operasyon an

Pale ak chirijyen an
Yon fwa chirijyen an fini, chirijyen an ap vin pale ak ou.

Rankontre pitit ou a nan sal retablisman an (PACU)
Pifò fanmi ale nan Inite Swen Sante Pòs-Anestezi a (PACU) pou yo wè pitit yo pandan l ap retabli. Kote pitit ou a ale apre PACU a depann de bezwen ak laj li. Gen kèk timoun ki ale lakay yo. Lòt yo rete nan lopital la nan etaj pasyan ki entène a oswa nan Inite Swen Sante Pedyatrik Entansif (PICU).

Rev. 7/2021. Lopital MassGeneral for Children ak Massachusetts General Hospital pa andose okenn mak ki nan bwochi sa a. Dokiman sa la pou l ba w enfòmasyon sou sante yon fason pou kapab pi byen enfòme. Li pa ranplase konsèy sante yon doktè e yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.