Kontras Oral Pou MRI

  • Si pou yo fè yon egzamen MRI ki gen siksè, pitit ou oblije bwè yon kontras oral. Etap sa a se etap ki pi enpòtan an, epi pitit ou fèt pou l bwè tout kontras la.
  • Si pitit ou pa bwè tout kontras la, MRI la ka pa bay rezilta pou ede doktè w dyagnostike pitit ou.
  • Se pwa endividyèl chak pasyan ki pèmèt teknisyen an konnen ki kantite kontras oral yo bezwen:
Pwa pasyan an Kantite bwason ki nesesè
≤ 50 lbs (≤ 0-25 kg) 24 ons
51 lbs – 110 lbs (25-50 kg) 36 ons
> 110 lbs (>50 kg) 48 ons

Men sa ki gen nan bwason kontras oral la:

  • 0.5 ons (17 gram) poud Miralax (kontras oral). Miralax la san gou epi lap dilye konplètman nan likid.
  • Likid (dlo oswa ji). Yo ka melanje Miralax la avèk nenpòt likid ki pa gen gaz. Si gen yon bwason anpatikilye ke w pito (tankou Gatorade, Crystal Light, dlo awomatize, ji, elatriye), tanpri pote omwen 48 ons lè w pral fè egzamen an. Gen dlo, ji pòm ak ji kànbèj isit la ki disponib pou pitit ou.

Jou Pitit Ou Pral Fé MRI La?

  • Se pou rive omwen 60 minit avan lè yo bay pou pitit ou fè egzamen an.
  • Si pitit ou gen difikilte pou l bwè bwason an, vini 90 minit avan lè egzamen an pou l ka gen kont tan pou l fin bwè tout bwason an.
  • De (2) jou anvan MRI ou, nap rele w pou n konfime randevou w la e pou n di w akilè pou rive.
  • Dèke pitit ou fin bwè kontras la, yo pral mete yon entravenèz pou bay pitit ou plis kontras pandan MRI la.
  • Gen yon pomad angoudisman (EMLA) ki disponib sizoka w ta bezwen l pou soulaje malèz pitit ou. Yo mete pomad la sou po a anviwon 30 minit avan yo foure tib entravenèz la konsa pomad la angoudi po a, kote yo foure tib entravenèz la. Tanpri souple, fè teknisyen an konnen si w vle yo mete pomad angoudisman an pou pitit ou.

Pandan Yap Fé MRI La Pou Pitit Ou

  • Yo kapab mete mizik pou pitit ou pandan lap fè egzamen an. Si gen mizik pitit ou pito, ou kapab vini avèk aparèy iPod/MP3 san pwoblèm.
  • Pandan egzamen an, pitit ou pral kouche plat sou do, sou tab MRI la.
  • Yo pral mete yon antèn plastik ki rele "espiral ("coil" nan lang angle) sou abdomèn pitit ou pou yo pran imaj pou egzamen MRI la.
  • Teknisyen MRI la ap kapab tande sa pitit ou ap di epi lap kapap pale avè l tou pandan tout egzamen an. Epitou nan aparèy MRI la, gen yon mikwofòn ak opalè kidonk, wap kapab tande sa pitit ou ap di epi wap kapab pale avèk teknisyen an tou.
  • Yo pral bay pitit ou yon ti boul pou l kenbe nan men l pandan egzamen an. Si pitit ou gen yon pwoblèm oswa si l pa santi l alèz epi l vle sispann, li ka peze ti boul la pou fè teknisyen an konn sa.
  • Lè yo bay kontras entravenèz la, gen timoun ki santi fredi oswa yon gou metal nan bouch yo. Se nòmal.
  • Pou nou ka gen pibon imaj, kontras la fèt pou l rete nan òganis pitit ou. Dèke pitit ou kòmanse bwè likid kontras la, li pi bon si li pa ale watè toutotan egzamen an poko fini.
  • Pandan tout egzamen an, yo pral mande pitit ou an plizyè fwa pou l kenbe souf li. Konsa, abdomèn li pap bouje epi sa pral pèmèt nou pran bon kalite imaj.
  • Anmwayèn, egzamen MRI la pran anviwon 40 minit.

Si w ta renmen pale ak yon teknisyen oswa si w gen kesyon oswa enkyetid, tanpri rele: ______________________________

Rev. 3/2014