Si w gen plis kesyon oswa si gen bagay kap trakase w konsènan pwosedi gastwo-entestinal siperyè (UGI) ak nan entesten grèl, tanpri kontakte espesyalis imajri pedyatrik child life nan 617-724-1153.
Si w gen plis kesyon oswa si gen bagay kap trakase w konsènan pwosedi gastwo-entestinal siperyè (UGI) ak nan entesten grèl, tanpri kontakte espesyalis imajri pedyatrik child life nan 617-724-1153.

Kisa egzamen gastwo-entestinal siperyè ye (UGI)?

Yon egzamen gastwo-entestinal siperyè (UGI) se yon egzamen radyografi ki montre estrikti aparèy gastwo-entestinal siperyè a, ki se pati nan kò a kote manje a pase pandan dijesyon an. Nan aparèy gastwo-entestinal siperyè a, gen lezofaj, vant ak yon pati entesten grèl la.

Poukisa pitit mwen bezwen yon egzamen gastwo-entestinal siperyè (UGI)?

Yo fè yon egzamen gastwo-entestinal siperyè (UGI) pou yo jwenn kisa ki bay yon seri pwoblèm tankou difikilte pou vale, vomisman san rezon, malèz abdominal ak endijesyon grav.

Kimoun ki fè egzamen an?

Se yon radyològ nan domèn pedyatri ak yon teknisyen ki resevwa fòmasyon nan radyografi pedyatrik ki pral ede w ansanm ak pitit ou, pandan egzamen an. Epi pandan pwosedi a, ap gen yon espesyalis nan child life kap prezan tou.

Kijan m ka prepare pitit mwen pou egzamen gastwo-entestinal siperyè a (UGI)?

Se dapre laj pitit ou ke wap konn kijan pou prepare l. Yo bay timoun piti ak timoun ki nan laj pre-matènèl yon senp ti esplikasyon avan pwosedi a kòmanse. Yo bay timoun ki gen laj pou ale lekòl ak adolesan yo yon esplikasyon ki gen plis detay; sa dwe fèt youn oswa de(2) jou anvan pwosedi a. Konsa pitit ou va gen kont tan pou l poze nenpòt kesyon li ka genyen avan pwosedi a. Antouka, li enpòtan pou bay pitit ou verite sou pwosedi li pral fè a.

Kijan yo fè yon egzamen gastwo-entestinal siperyè (UGI)?

  • Pitit ou fèt pou l ajen (vant vid) pou egzamen sa a. Yo pral ba ou enstriksyon sou kisa pou timoun nan manje ak restriksyon doktè ki kòmande egzamen gastwo-entestinal siperyè a (UGI) avan dat egzamen pitit ou an.
  • Pral gen yon teknisyen nan radyografi pedyatrik oswa yon espesyalis timoun ki pral mennen w ansanm ak pitit ou nan sal fliyowoskopi a. Teknisyen radyografi a oswa espesyalis child life la pral esplike w ansanm ak pitit ou, kijan egzamen an pral fèt.
  • Yo pral mande pitit ou chanje rad pou l mete yon blouz lopital. Kou pitit ou fin mete blouz la, yo pral ede l onte sou tab fliyowoskopi a
  • Yo pral bay pitit ou yon boutèy ak chalimo pou l bwè yon likid epè ki blan yo rele baryòm. Likid sa a se li ki pèmèt radyològ la wè aparèy gastwo-entestinal la pi klèman. Etandone baryòm pa toujou gen bon gou, pitit ou ap kapab chwazi ki savè li pito ant chokola, frèz oswa vaniy pou l mete nan baryòm lan pou l ka gen pi bon gou.
    Si pitit ou konn fè alèji a manje, li enpòtan pou fè ekip radyoloji a konn sa avan egzamen an kòmanse.
  • Radyològ la pral pase kamera fliyowoskopi a sou pitit ou. Kamera a pral rive toupre pitit ou, men kamera a pap manyen pitit ou. Radyològ la pral kòmanse fè imaj radyolojik yo lè pitit ou fin vale likid baryòm lan etan lap pase nan lezofaj la pou l ale nan vant li. Yo pral mande pitit ou pou l kontinye bwè likid baryòm koulè blan an, pandan radyològ la ap pran imaj radyolojik yo. Yo pral mande pitit ou pou l vire sou yon bò epi sou yon lòt bò pandan yap pran imaj radyolojik yo. Imaj radyolojik yo pral pèmèt radyològ la suiv pwogresyon baryòm lan nan aparèy gastwo-entestinal la.
  • Lè likid baryòm lan fin pase nan vant lan epi radyològ la fin wè gen ase ki pase nan entesten grèl la, egzamen gastwo-entestinal siperyè a (UGI) fini
  • Yon fwa egzamen an fini, pitit ou ka rekòmanse manje sa doktè l te mande l pou manje. Li ta bon pou bay pitit ou plis likid pandan jounen an

Kisa m ka fè pou m ede pitit mwen pandan pwosedi a?

Wap prezan pandan tout pwosedi pitit ou an.* Li enpòtan pou rete kalm pandan tout pwosedi a. Gent timoun ki santi yo alèz lè yo gen yon paran ki la avèk yo. Gen lòt timoun ki bezwen plis sipò. Se pou sa ekip radyoloji a gen lòt bagay yo ka itilize pou distrè pitit ou pandan pwosedi a.

Kisa ki reve lè egzamen gastwo-entestinal siperyè a (UGI) fini?

Yo pral voye rezilta egzamen pitit ou bay doktè ki te mande l fè egzamen an. Anjeneral doktè w la pral resevwa rezilta yo nan youn oswa de(2) jou apre egzamen an oswa avan sa. Si gen rezilta ki kritik, yo voye yo bay doktè ki te mande egzamen an tousuit apre pwosedi a fini.

*Fanm ansent pa otorize antre nan sal fliyowoskopi a. (Nou pap kite lòt timoun antre nan sal fliyowoskopi a.)

Rev. 10/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.