Kijan yo fè yon eskànografi CT?

  • Oumenm ak pitit ou pral rankontre teknisyen imajri a, ki pral mennen nou nan sal pou eskànografi CT a epi lap pran imaj espesyal yo
  • Eskànè se yon gwo machin ki gen yon twou nan mitan ki sanble yon donèt. Ti kabann, "tou mèg" ki anndan machin nan ka monte desann, li ka ale devan ak dèyè pou l pran imaj
  • Yo pral mete pitit ou toudousman sou kabann nan epi yap mete yon senti sekirite pou li pou lè kabann nan ap deplase.
  • Li enpòtan pou pitit ou konnen ke eskànè a pap manyen kò l, epi li pral fè yon bwi tankou yon bagay kap wonfle
  • Anjeneral nou pèmèt yon paran rete avèk timoun nan pandan li nan eskànè a pou timoun nan ka pi rilaks ak pi alèz. Si pou yon rezon kèlkonk ou pa ka rete nan sal la, nap fè pitit ou konnen ke wap gade l epi w ka tande l si l bezwen kichòy.
  • Pafwa yo ka bezwen "kontras" pou fè eskànografi CT a pou yo ka pran imaj ki pi klè anndan kò a.
  • Si yo bezwen kontras pou eskànè a, yo pral bay pitit ou bwè yon likid espesyal oswa yo ka ba li l nan venn oswa nan yon tib nan twou dèyè l
  • Si pitit ou bezwen yon entravenèz pou yo fè
  • Si pitit ou bezwen kontras nan twou dèyè l, ou ka esplike l ke yo bay kontras la atravè yon tib ki ka pliye nan twou a (oswa nan ti ouvèti a) nan twou dèyè pitit ou, kote li twalèt (poupou, fè #2, elatriye). Tib sa a tankou yon gwo chalimo mou. Yo mete yon likid espesyal nan tib sa a. Gen timoun ki di yo santi li jènan, men li pa fè yo mal. Lè timoun nan rilaks, sa ka ede l pandan pwosedi a. Sa ka fè pitit ou santi l bezwen ale nan twalèt. Tib la ka soti dèke yo fin pran imaj yo.

Kisa m ka fè pou m ede pitit mwen?

  • Anjeneral ou ka rete ak pitit ou pandan eskànografi CTa ap fèt*
  • Fè pitit ou konnen li enpòtan pou l rete anplas
  • Fè pitit ou konpliman pandan ak apre pwosedi a

* Fanm ansent pa otorize antre nan sal eskànografi CT a. (Nou pap kite lòt timoun antre nan sal eskànografi CT a.

Si w gen plis kesyon konsènan eskànografi CT pitit ou, tanpri kontakte espesyalis imajri pedyatrik child life nan 617-724-1153.

Rev. 10/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.