Nan ki sans sedatif la/anestezi jeneral la pral afekte pitit mwen?

Sedatif yo te bay pitit ou a pou yo fè pwosedi a toujou nan òganis li. Kidonk, pitit ou a dwe rete an repo pou tout rès jounen an.

( ) Gade Fòm Sedatif Pedyatrik la

Ki aktivite pitit mwen ka fè?

  • Pitit ou a ka fè ti aktivite/jwe jodiya.
  • Epitou pitit ou ka retounen lekòl lelandmen, sepandan li pa ka fè egzèsis ni l pa ka soulve anyen ki lou avèk bra ki gen PICC a.
  • Piga benyen ni pa mouye ozalantou pansman an nan de premye jou yo. Apresa, kouvri/rekouvri kote yo pèse a avèk papye selofàn lè lap benyen.
  • Bra a fèt pou l pwòp ak sèk.

Ki medikaman m ka bay pitit pou doulè?

Ou ka bay pitit ou medikaman yo vann san preskripsyon, tankou Tylenol® (Acetaminophen) oswa Advil® (Ibuprofen), si l gen kèk ti doulè. Si w bezwen konnen si w ka bay pitit ou medikaman sa yo, mande doktè w.

Kijan pou m pran swen PICC a?

Mande pwofesyonèl swen sante prensipal/doktè kap refere w la pou l di w kijan pou okipe PICC a ofiramezi tan ap pase.

Kilè pou m rele doktè m?

Rele doktè w si pitit ou gen youn nan pwoblèm sa yo:

  • Yo wete katetè a epi li gen pati ki pi vizib
  • Kote yo mete l la gen emoraji, li swente, li anfle oswa li gen woujè
  • Angoudisman, doulè oswa pikotman nan bra
  • Lafyèv, frison oswa souf kout
  • Doulè sou lestomak oswa palpitasyon (lè kè a bat vit sou lestomak la)

Si w gen kesyon sou PICC a, rele Kowòdinatè nan Radyoloji Entèvansyon Vaskilè a nan 617-724-2239 ant 8:30 am e 4:30 pm.

Si se leswa oswa lèwikenn, rele moun ki desèvis nan depatman Radyoloji Entèvansyon Vaskilè a nan 617-726-8314 epi swiv enstriksyon yo.

Si dapre sentòm pitit ou, ou panse li ta dwe fè yon konsiltasyon medikal imedyatman, ale nan Sal Dijans ki pi pre w la.

Enfimyè: _____________________________________

RN (Enfimyè Otorize) Dat: ___________________

Yo te revwa enstriksyon sa yo avèk mwen, epi yo te reponn tout kesyon m yo.

Siyati Paran/Responsab Legal/Pasyan: __________________________

Dat: __________________

Rev. 7/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.