Kijan yo fè yon radyografi?

  • Oumenm ak pitit ou pral rankontre teknisyen imajri a, ki pral mennen nou nan sal radyografi a pou l pran imaj yo
  • Ou pral wè aparèy radyografi a lè w antre nan sal la. Li tankou yon gwo kamera
  • Etandone aparèy radyografi a pran foto diferan pati nan kò a, pitit ou ka chita sou yon chèz, li ka kanpe oswa li ka kouche sou yon tab pandan yap fè radyografi a pou li
  • Li enpòtan pou esplike pitit ou ke "kamera" ki nan aparèy radyografi a pral deplase men li pap manyen kò li
  • Yo pral mete yon tablo nwa ki di anpil, toudousman sou pati nan kò a ki bezwen yon radyografi. Se nan film sa a foto yo soti.
  • Yo pral mete yon vès oswa yon kouvèti ki lou sou lòt pati nan kò pitit ou ki pa bezwen radyografi
  • Teknisyen an pral pran foto yo bezwen, lap bay pitit ou esplikasyon byen presi ak enstriksyon pou l suiv
  • Yon fwa yo fin pran foto radyografi yo, teknisyen imajri a pral gade foto yo pou l asire l ke doktè yo gen sa yo bezwen pou yo ede pitit ou. Pafwa yo konn bezwen fè plis radyografi

Kisa m ka fè m ede pitit mwen?

  • Timoun yo renmen konnen kisa yap gen pou yo fè. Esplike pitit ou sèl sa "lap gen pou l fè" se rete anplas san bouje epi kenbe souf li lè teknisyen imajri a mande l fè sa. Fè pratik avèk yo pou ede yo
  • Di pitit ou konsa si nap gen pou n deplase pati nan kò l la ki fè l mal, nap deplase l toudousman
  • Fè pitit ou konpliman souvan pandan ak apre pwosedi radyografi a.

Si w gen plis kesyon konsènan radyografi pitit ou, tanpri kontakte espesyalis pedyatrik child life la nan 617-724-1153.

Rev. 10/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.