Si w gen plis kesyon oswa si gen bagay kap trakase w konsènan sistografi a (VCUG), tanpri kontakte espesyalis imajri pedyatrik child lifela nan 617-724-1153.
Caption

Kisa yon VCUG ye?

Yon VCUG, oswa yon sistografi, se yon pwosedi ki pèmèt yon radyològ gade fonksyònman sistèm irinè a. Radyològ la itilize yon radyografi espesyal ki rele fliyowoskopi ak likid kontras pou l egzamine vesi a ak vwa irinè enferyè a pandan moun nan ap vide (pipi). Pwosedi sa a pran apeprè 30 a 60 minit.

Poukisa pitit mwen bezwen yon sistografi (VCUG)?

Doktè pitit ou ka mande pou l fè pwosedi sa a si pitit ou te fè yon enfeksyon nan kannal pipi l (UTI) oswa si pitit ou gen lòt pwoblèm ki gen rapò ak kannal pipi l . Byensouvan yo konn mande yon sistografi (VCUG) pou dyagnostike oswa evalye yon pwoblèm ki rele remonte vezikoureteral. Remonte rive lè pipi a remonte nan vesi a pou l ale nan iretè a epi li ka ale nan ren an tou. Sa ka fè bakteri antre nan ren an epi domaje ren an. Se pa tout timoun ki gen enfeksyon nan kannal pipi (UTI) oswa enfeksyon nan vesi ki gen remonte. Lè yo fè egzamen sa a, yap konnen si gen remonte ki fèt epi yap konn ki tretman pou yo fè.

Kimoun ki fè egzamen an?

Se yon radyològ nan pedyatri ak yon teknisyen ki resevwa fòmasyon nan radyografi pedyatrik ki pral ede w ansanm ak pitit ou, pandan egzamen an. Epi pandan egzamen yap fè pou pitit ou, ap gen yon espesyalis nan child life kap prezan tou.

Kijan yo fè yon sistografi (VCUG)?

  • Pral gen yon teknisyen nan radyografi pedyatrik oswa yon espesyalis timoun ki pral mennen w ansanm ak pitit ou nan sal fliyowoskopi a. Teknisyen radyografi a oswa espesyalis child life la pral esplike w ansanm ak pitit ou, kijan egzamen an pral fèt.
  • Yo pral mande pitit ou chanje rad pou l mete yon blouz lopital. Kou pitit ou fin mete blouz la, yo pral ede l monte sou tab fliyowoskopi a.
  • Alèkile teknisyen an pral netwaye ouvèti ki nan irèt pitit ou avèk yon savon mawon ki rele betadin. Savon sa a pral touye kèlkeswa mikwòb ki ka bay yon enfeksyon
  • Alèkile teknisyen an pral foure yon tib toupiti yo rele katetè pou l pase nan irèt la jiskaske l rive nan vesi a. Yo pral mete yon tep sou katetè a pou l rete anplas. Epitou yo pral itilize yon anestezi lokal oswa yon jèl ki angoudi, ki rele lidokayin, lè yap foure katetè a
  • Alèkile teknisyen an pral konekte katetè a nan yon boutèy ki gen likid kontras. Likid kontras la pral desann nan vesi a atravè katetè a. Ofiramezi vesi a ap plen, yon radyològ pedyatrik pral fè radyografi peryodikman. Likid kontras sa a pral pèmèt radyològ la gade aparèy irinè a.
  • Pitit ou pral santi l bezwen evakye (pipi) anpil. Radyològ la pral vire pitit ou sou chak bò. Lè vesi pitit ou fin plen nèt, yo pral mande l evakye (pipi) nan yon sèvyèt oswa nan yon vaz pipi. Pandan pitit ou ap evakye (pipi), katetè a ap soti.
  • Si pitit ou poko ka ale nan twalèt poukont li, yo pral ba li twa epizòd likid kontras. Sa vle di yo plen vesi a ak likid kontras an twa fwa epi pitit ou pral evakye (pipi) an twa fwa. Lè yo fè sa, radyològ la ap kapab gen enfòmasyon ak imaj ki bay plis presizyon.
  • Yon fwa pitit ou fin evakye (pipi), radyològ la pral fè plis radyografi toujou epi apre egzamen an ap fini.

Kijan m ka prepare pitit mwen pou sistografi a (VCUG)?

Se dapre laj pitit ou ke wap konn kijan pou prepare l. Yo bay timoun piti ak timoun ki nan laj pre-matènèl yon senp ti esplikasyon sou pwosedi a, avan pwosedi a kòmanse. Yo bay timoun ki gen laj pou ale lekòl ak adolesan yo yon esplikasyon ki gen plis detay sou pwosedi a; sa dwe fèt youn oswa de(2) jou avan pwosedi a. Konsa pitit ou va gen kont tan pou l poze nenpòt kesyon li ka genyen avan pwosedi a. Antouka, li enpòtan pou bay pitit ou verite sou pwosedi li pral fè a.

Kisa pitit mwen an pral santi pandan sistografi a (VCUG)?

Pitit ou pral santi yap mouye l ak yon savon frèt nan pati prive l. Epitou pitit ou pral santi ti presyon ak ti malèz lè yap foure katetè a. Epitou gen anpil timoun ki santi yo bezwen pipi lè yap foure katetè a. Kou yo fin mete katetè a, toude sansasyon sa yo ta dwe pase. Anpil timoun di yo pa santi yo alèz ak katetè a epi li jennen yo. Etan vesi pitit ou ap plen avèk likid kontras la, lap santi l bezwen evakye (pipi). Avan l evakye, teknisyen an pral retire tep ki kenbe katetè a. Pafwa sa ka fè l santi se tankou yon pansman. Lè yap retire katetè a, pitit ou ka santi l tankou tou li ka pa santi l.

Kisa m ka fè pou m ede pitit mwen pandan egzamen an?

Wap prezan pandan tout pwosedi pitit ou an.* Li enpòtan pou rete kalm pandan tout pwosedi a. Gent timoun ki santi yo alèz lè yo gen yon paran ki la avèk yo. Gen lòt timoun ki bezwen plis sipò. Se pou sa ekip radyoloji a gen lòt bagay yo ka itilize pou distrè pitit ou pandan pwosedi a.

Kisa ki rive yon fwa egzamen sistografi a (VCUG) fini?

Yo pral voye rezilta egzamen pitit ou bay doktè ki te mande l fè egzamen an. Anjeneral doktè w la pral resevwa rezilta yo nan youn oswa de(2) jou apre egzamen an oswa avan sa. Si gen rezilta ki ijan, yo voye yo bay doktè ki te mande egzamen an tousuit apre pwosedi a fini.

*Fanm ansent pa otorize antre nan sal fliyowoskopi a. (Nou pap kite lòt timoun antre nan sal fliyowoskopi a.)

Rev. 10/2012. Objektif dokiman sa a se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak lasante defason pou ka pi byen enfòme. Li pap ranplase konsèy medikal doktè ka bay epi yo pa dwe itilize li pou trete pwoblèm medikal espesifik.