Nan ki pwen li twò bonè pou pale de ras ak rasis?

Li pa janm twò bonè pou pale de ras ak kilti! Kenbe enfòmasyon ki apwopriye pou laj pitit ou a. Menm timoun piti rekonèt diferans ki genyen ant yo menm ak lòt moun. Ou ka ede lè w rekonèt ak selebre diferans yo. Ou ka ede tou lè w klarifye malantandi.

Ki kèk fason mwen ka pale ak pitit mwen sou ras ak rasis?

  • Sèvi ak liv, jwèt, ak medya pou kòmanse konvèsasyon yo. Sa ka ede nòmalize (fè nòmal) diferans ki genyen nan kay ou ak nan kominote w la.
  • Sonje ke reprezantasyon enpòtan! Sa vle di li enpòtan pou timoun yo wè moun ki sanble ak yo nan kominote yo a oswa nan medya yo. Ede pitit ou yo wè tèt yo, ansanm ak lòt ras ak kilti nan jwèt ak liv ou pote lakay ou.
  • Mete aksan sou respè pou tout moun ak sa nou ka aprann nan men lòt moun. Pataje pwòp kilti ou. Ou ka fè sa atravè mizik, dans, lang, oswa manje. Ou kapab pataje tou konvèsasyon an fanmi oswa ale nan pyès teyat, pèfòmans ak vwayaj nan mize.

E si pitit mwen ta di yon bagay ki jenan an piblik?

  • Reziste anvi pou fè pitit ou fèmen bouch li oswa inyore l. Sa a ap montre timoun yo ke diferans yo se yon bagay yo dwe pale de yo ba, ki jenan oswa pa bon.
  • Si pitit ou a poze yon kesyon oswa li siyale yon diferans li remake, reponn li de fason reyèl epi ak yon ton pozitif. Si sa posib, asosye diferans yo a enterè komen oswa resanblans.

    Pa egzanp, ou ta ka di "Ou gen rezon, koulè po zanmi ou Jason pi fonse pase ou. Sa se yon fason ke ou diferan! Ou diferan nan kèk fason, epi ou sanble nan anpil lòt fason!"

Sèvi ak liv pou pale sou ras, kilti ak rasis

E si pitit mwen viktim de rasis?

  1. Remèsye pitit ou a paske li pataje eksperyans li avèk ou.
  2. Konsole pitit ou yon fason ki gen sans pou li.
  3. Poze kesyon ouvè. Yon kesyon ouvè pèmèt pitit ou a pale atravè oswa eksplike panse li, santiman li ak eksperyans li. Kesyon ouvè yo pa ka reponn ak yon senp wi oswa non.
  4. Egzanp kesyon ouvè yo gen ladan l: "Kisa ki te pase?", "Poukisa ou panse sa te rive?", "Kijan ou te santi w?".
  5. Bay pitit ou a tan pou l reponn. Reziste tantasyon pou rezoud pwoblèm nan epi tande repons pitit ou an.
  6. Asire pitit ou a ke sa ki te pase a se pa fòt yo. Fè yo sonje ke yo pa poukont yo. Si w santi w alèz, pataje yon egzanp yon bagay ki te rive w, ki jan w te reyaji nan moman an ak ki jan w ta ka reponn si sa te rive kounye a.
  7. Fè yon plan ansanm pou rezoud enkyetid la. Sa ka enplike di yon lòt granmoun ou fè konfyans oswa gen yon konvèsasyon ak moun ki gen konpòtman rasis la.
  8. Nan ka ta gen ensidan alavni, ede pitit ou a jwenn moun k ap ede yo nan lavi yo. Moun k’ap ede yo se moun ki nan lavi pitit ou a ki kapab edike, defann (pran defans) oswa pwoteje li. Moun k ap ede yo ka gen ladan manm fanmi, pwofesè, founisè swen sante oswa lidè kominotè.
  9. Sonje ke li nòmal pou w fache lè w tande pitit ou a ap lite. Li nòmal pou montre pitit ou a ke ou gen santiman fò menm jan ak yo.

Resous seleksyone pou timoun ak fanmi

Videyo pou timoun yo

  • “Pouvwa Nou an” (Sesame Street)
    Kat zanmi aprann sou pwòp idantite rasyal yo ak koulè po yo. Yo aprann tou sa sa vle di pou yo santi yo fyè de pwòp idantite yo. Idantite rasyal gen rapò ak fason yon moun idantifye tèt li ak fason lòt moun ka wè yo an tèm de ras. Idantite rasyal yon moun depann de istwa fanmi, kilti ak etnisite li. Sesame Street gen anpil lòt resous sou ras ak rasis.
  • “Arthur Pran Pozisyon” (PBS Kids)
    Arthur rankontre lidè dwa sivil ak Manm Kongrè John Lewis. Li aprann kijan pou pran defans yon moun ki viktim enjistis.

Òganizasyon pou fanmi yo konnen plis sou ras

  • Aksepte Ras
    Yon kominote sou entènèt ki gen ladann l webinars, rekòmandasyon medya yo ak lòt resous pou ede paran yo elve ak sipòte timoun ki rezilyan (kapab adapte ak fè fas ak estrès nan fason ki sèn) epi brav sou ras.

Konnen plis sou ras ak rasis