Chè Pasyan,

Mèsi deske ou chwazi Mass General pou swen sante w. Nou komèt a ba ou yon eksperyans pozitif, pa selman pandan w lopital men lè w fin egzeyate lakay oswa nan yon lòt sant de swen.

Angajman nou pou yon egzeyat ki reyisi asire ke swen w ak gerizon w ap kontinye nan yon fason ki an sekirite epi ki byen òganize lè w pre pou w kite lopital la. Ekip medikal ou ap travay avè w ak fanmi w pou evalye bezwen wap genyen yo epi konekte w avèk resous e sèvis wap bezwen apre w te etène lopital.

Pwosesis plan egzeyat la enkli ekip medikal ou:

  • Fini yon plan evalyasyon egzeyat alè epi ki byen detaye
  • Bay yon dat egzeyat yo prevwa epi revize yon plan egzeyat avè w
  • Bay yon lis konplè de resous kòm referans oswa nou ka transfere dapre bezwen medikal ou yo. Resous yo ka gen ladan l sèvis ki baze nan kominote a, sipò, ajans yo, ak etablisman yo.
  • Kowòdone transpò pou lè w bezwen sa a dapre plan egzeyat ou.

Dwa w antanke pasyan ak responsablite w gen ladan l:

  • Dwa pou patisipe nan pwosesis plan egzeyat la
  • Responsablite pou w patisipe aktivman nan desizyon swen sante, sa enkli pwosesis plan egzeyat la

Nou swete plan egzeyat rekòmandasyon an ranpli bezwen w. N ap fè tout san kapab pou n reponn a nenpòt kesyon ak pwoblèm konsenan plan byen presi nou devlope pou ou. Sepandan, si w pa swiv plan egzeyat nou ki an sekirite epi apwopriye jan ekip medikal la te mete l ansanm, nou ka oblije iltilize yon plan egzeyat ki mwens an sekirite depi ou pa bezwen gwo swen nan lopital ankò.

Mande pou w pale ak Manadjè Ka w oswa ekip medikal la pou nenpòt kesyon