Poukisa mwen dwe prezante ti bebe mwen pwodwi fèt abaz pistach yo bonè bonè nan lavi l?

Lè w prezante ti bebe ou pwodwi ki fèt abaz pistach yo bonè nan lavi l, sa ka ede l anpeche li devlope yon alèji ak pistach pi devan. Mande doktè ou ki bon lè pou prezante pwodwi abaz pistach yo pou premye fwa.

Kisa m dwe fè avan m bay ti bebe m nan pwodwi abaz pistach yo pou premye fwa?

  • Pale ak doktè ti bebe ou pou konnen si l prè pou li eseye pwodwi ki fèt abaz pistach yo.
  • Si ti bebe ou fè lòt alèji ak manje yo konnen yo os si l gen ekzema ki trè grav (tach ki sèch, gal sou po) mande doktè w la si ti bebe ou ta dwe fè yon tès alèji oswa wè pedyat ki okipe l de alèji (doktè ki okipe l de alèji).

Yon nòt sou etoufman

  • Bay ti bebe ou manba ki mou sèlman.
  • Piga janm bay ti bebe ou manba ki gen moso pistach oswa ki kwoustiyan. Ti bebe ou kapab toufe ak ti mòso pistach yo.
  • Piga janm bay ti bebe ou pistach antye oswa mòso pistach.

kijan pou prezante pwodwi abaz pistach yo?

Konsèy sou serikite

  • Fè ti bebe ou goute pou premye fwa lèli an bòn sante. Piga ba l goute pou premye fwa si li gen rim, lafyèv, dyare oswa lòt maladi.
  • Bay ti bebe ou goute pou premye fwa pwodwi ki fèt abaz pistach lè li lakay li. Piga bay premye goute a lè li nan gadri oswa nan yon restoran.

Konsèy sou ki lè pou fè sa

  • Rezève omwen 2 èdtan apre premye goute a pou wè si ti bebe w la pral gen yon reyaksyon. Asire ou menm oswa yon lòt manm nan fanmi w ka bay tii bebe ou tout atansyon nou.
  • Tann 10 minit ant premye ak dezyèm goute a. Si ti bebe ou pa gen okenn reyaksyon apre 10 minit, ba l rès manba a nan vitès nòmal li manje a.
  • Bay ti bebe ou 2 ti kiyè te (2 gram) pwodwi ki abaz pistach 3 fwa pa semèn. Sa pral ede l anpeche l devlope yon alèji ak pistach pi devan nan lavi.

Konsèy pandan pitit ou ap manje

  • Prepare yon pòsyon konplè manba apati yon resèt ki dèyè do dokiman sa a.
  • Ba l premye goute a ak yon ti kiyè.
  • Pou ti bebe ak timoun ki gen mwens pase laj 4 lane, melanje manba a ak 1 manje ki sen anmenmtan. Piga bay ti bebe a oswa timoun ki gen mwens pase laj 4 lane, manba.
  • Piga fòse ti bebe ou manje plis pase sa l vle.

Resèt Pistach Pou Ti Bebe

Opsyon 1: Pire manba

Ou pral bezwen:

  • 2 ti kiyè te manba mou, natirèl (san ajoute lòt engredyan)
  • 2 a 3 gwo kiyè tab yogurt natirèl oswa fwi oswa legim an pire (mou) ke ti bebe ou renmen
  1. Melanje manba ak yogout la oswa pire fwi oswa legim nan.
  2. Ajoute plis dlo si ou vle li pi fen.

Opsyon 2: Sòs ak manba an poud

Ou pral bezwen:

  • 2 ti kiyè te manba an poud oswa farin pistach
  • 2 a 3 gwo kiyè tab dlo tyèd, avwàn, konpòt pòm oswa pire fig
  1. Melanje manba an poud oswa farin pistach la ak dlo, avwàn, konpòt pòm oswa pire fig la.
  2. Kite melanj lan refwadi.
  3. Ajoute plis dlo si ou vle li pi fen.

Opsyon 3: Bamba® feyte manba

Ou pral bezwen:

  • 21 Bamba® feyte manba
  1. Pou ti bebe ki gen laj 7 mwa ak mwens, ramoli feyte Bamba® a nan 4 a 6 ti kiyè te dlo. Nouri ti bebe ou ak yon feyte an menm tan.
  2. Pou ti bebe pi gran pase 7 mwa oswa ki kapab manje manje solid ki ka disoud, ba l manje feyte youn an menm tan kòm dabitid.

Yon nòt sou alèji ak manje

Lè ti bebe ou ap eseye yon pwodwi ki fèt abaz pistach pou premye fwa, li enpòtan pou siveye l pou siy alèji ak manje. Yon reyaksyon alèjik ka parèt jouk de (2) èdtan apre li eseye yon nouvo manje.

Kisa yon alèji ak manje ye?

Yon alèji ak manje se lè kò w konfonn kèk manje pou yon bagay danjere oswa enkoni.

Ki siy ki komen pou alèji ak manje?

  • Gratèl oswa itikè (ti boul wouj ki anfle) ozalantou bouch la oswa nan vizaj oswa nan kò
  • Po bouch, lang oswa vizaj anfle
  • Gratèl
  • Vomisman
  • Tous
  • Chanje koulè po (ble oswa pal)
  • Ral (sifleman lè w ap rale souf ou)
  • Difikilte pou respire
  • Sansasyon fatig oswa somnolans britsoukou
  • Santi kò ou vin afebli

Kisa pou fè si ti bebe ou gen yon reyaksyon alèjik

  • Rele 911 oswa mennen ti bebe ou nan sal dijans imedyatman.
  • Si alègolojisalèjis (doktè ki okipe alèji) ti bebe a te kreye yon Plan Daksyon pou Alèji ak Manje, swiv etap yo.

Rev. 9/2017. Mass General for Children ak Massachusetts General Hospital pa andose okenn nan mak ki liste nan dokiman sa a. Dokiman sa a la pou l ba w enfòmasyon sou sante yon fason pou kapab pi byen enfòme. Li pa ranplase konsèy medikal e yo pa dwe itilize li pou trete okenn pwoblèm medikal.