Kisa Yon MRI Ye?

MRI vle di Imajri a Rezonans Mayetik. Yon eskàn MRI itilize konbinezon ant yon chan mayetik puisan ak pilsasyon frekans radyofonik pou l pwodui imaj detaye anndan kò a. Yon MRI bay plis imaj detaye nan kò pitit ou pase yon radyografi nòmal epi yo pa itilize reyon ladann.

Kimoun Ki Pral Fè Eskàn Nan Epi Konbyen Tan L Pral Pran?

Se yon teknisyen MRI ki pral fè eskàn pitit ou an. Teknisyen an resevwa fòmasyon espesyal pou l fè eskàn MRI, epi se yon radyològ pedyatrik ki pral li rezilta eskàn lan. Eskàn MRI la ka pran ant 30 minit a de (2) zèdetan, toudepann ki zòn nan kò a oswa ki pati yap pran imaj la.

Kisa Pitit Mwen An Pral Santi Eskàn Lan?

Nanpwen doulè ditou nan yon eskàn MRI. Sepandan, gen sèten tip imaj eskàn ki bezwen fèt a kontras. Yo bay kontras la atravè yon entravenèz. Si pitit ou bezwen kontras pou l fè eskàn lan, yo ka mete yon pomad pou angoudi kote yap foure kontras la pou diminye malèz.

Lè eskàn MRI la ap pran imaj, li pral fè yon bwi asoudisan ak yon bwi tankou yon bagay kap frape. Yo pral bay pitit ou pwotèj pou l met nan zòrèy pou diminye bwi aparèy la epi pou pwoteje zòrèy li. Pafwa kabann eskànè a konn vibre lejèman poutèt bwi a. Sa se yon bagay ki toutafè nòmal.

Kijan Yo Fè Yon MRI?

Yo pral mande pitit ou pou l kouche sou kabann eskànè MRI la , yap ba li pwotèj pou zòrèy li epi yap mete l nan pozisyon kòrèk la pou l fè eskàn lan. Alèkile yo pral deplase pitit ou anndan eskànè a epi yap mete pati nan kò l yap eskàne a nan mitan aparèy la. Yo pral mande pitit ou pou l rete anplas san bouje pandan yap pran imaj la. Nenpòt ki mouvman ka fè imaj la vin twoub.

Pandan tout tan eskàn nan ap fèt, teknisyen MRI la pral pale ak pitit ou pou fè l konnen kisa kap fèt e pou asire ke li byen. Epitou yap bay pitit ou.

Kijan M Ka Prepare Pitit Mwen Pou MRI La?

Se dapre laj pitit ou ke wap konn kijan pou prepare l. Yo bay timoun piti ak timoun ki nan laj pre-matènèl yon senp ti esplikasyon sou eskàn lan avan yo kòmanse. Yo bay timoun ki gen laj pou ale lekòl ak jènjan yon esplikasyon ki gen plis detay sou eskàn lan, e se pou sa fèt youn oswa de (2) jou davans. Konsa pitit ou va gen kont tan pou l poze nenpòt kesyon li ka genyen avan pwosedi a. Antouka, li enpòtan pou bay pitit ou verite sou pwosedi li pral fè a.

Kisa M Ka Fè Pou M Ede Pitit Mwen Pandan Egzamen An?

Yon paran ap kapab rete nan sal MRI la.* Li enpòtan pou eseye rete kalm pandan tout eskàn lan.

* Fanm ansent pa otorize antre nan sal MRI la.

Enstriksyon Pou Sekirite

Yo pral mande w ranpli yon fòm depistaj MRI ni pou ou ni pou pitit ou. Se teknisyen MRI la ki pral revize fòm lan.

Fòm sa a pral verifye ke ni oumenm ni pitit ou ka antre nan sal MRI la san danje.

Si pitit ou gen yon aparèy yo mete anndan kò li, tankou yon pontaj nan venn, ou pral oblije bay enfòmasyon suivan an sou aparèy yo mete nan kò pitit ou:

  • Fabrikan an
  • Modèl la
  • Nimewo seri a

Si w pa bay enfòmasyon sa a, pitit ou pap ka fè MRI la.