Si Wap Soti Nan Zòn Lwès
Antre nan otorout (expressway/highway) ki rele Massachusetts Turnpike-la. Wava pran Soti de otorout (exit) Cambridge-Allston nan. Lè-ou kite kote wava peye taks yo rele toll-la, rout-la fè 2 branch: se pou vire sou dwat-ou. Rive nan premye je limyè-a, vire a dwat sou rout ki rele Storrow Drive-la. Wa gen pou kondwi nan yon distans ki se apeprè twa (3) mil edmi konsa epwi wava pran soti (exit) ki make Government Center-a pou rive nan ri Cambridge Street. Etan ou nan ri Cambridge Street-la se pou swiv direksyon tablo vè-yo ki make Downtown Boston ak Government Center. Lè ou pran premye je limyè-a nan Cambridge Street, vire a goch sou North Grove Street. Se ri sa-a kava mennen-w toudwat Lopital-la. Wap trouve 2 paking si ou ta vle ale gare vwati-ou: yonn ap sou dwat-ou, yon lòt ap sou bò goch-ou

Si Wap Soti Nan Zòn Nò
Antre pa yonn nan otorout (expressway) sila-yo: I-93 oubyen I-1. Pran soti (exit) ki make Storrow Drive-la ki pwal lage-w sou rout Storrow Drive epwi kenbe liye (track) goch-la. Pandan ou sou rout Storrow Drive-la, pran soti (exit) Government Center epwi swiv dirèksyon tablo vè-yo kap dirije-w sou Down-Town Boston avèk Government Center: wap rive nan Cambridge Street. Etan ou nan Cambridge Street, lè ou jwenn premye je limyè-a, vire a goch nan ri ki make North Grove Street-la. Ri sa-a ap mennen-ou dwat nan Lopital-la.Wava jwenn 2 paking: yonn sou dwat-ou yon lot sou goch-ou a dispozisyon-w pou gare machin-ou.

Si Wap Soti Nan Zòn Sid
Pran otorout Sidès-la (Southeast Expressway) ki se rout I-93. Soti nan egzit (exit) Storrow Drive pou tonbe sou rout Storrow Drive. Pandan ou nan Storrow-Drive pran egzit (exit) Government Center kava mennen-w nan ri Cambridge Street. Swiv dirèksyon tablo yo ki make Downtown ak Government Center. Nan premye je limyè ou trouve nan ri Cambridge Street vire agoch nan ri ki make North Grove Street-la. Ri sa-a ap mennen-w dwat nan Lopital-la. Epwi wava Jwenn 2 paking: yonn sou kote dwat-ou, yon lot sou kote goch-ou pou gare machin-ou.

Si Se Metro Oubyen Sobwe (Subway) Ou Deside Pran
Pran tren rouj (Red line), sa ki pwale Alewife-la. Desann nan arè (stop) ki rele Charles MGH (MHG vle di Massachusetts General Hospital/Lopital Jeneral Masachisèt). Lè ou fini desann tren-an, chèche siy-yo kap montre-w dirèksyon pou vini Lopital-la. Swiv dirèksyon yo. Antre nan ri ki rele Cambridge Street-la. Mache yon blok nan Cambridge Street pou kapab jwenn ri North Grove Street. Le ou rive nan North Grove Street vire a goch, lap mennen-w dirèkteman nan Lopital-la.

Silvouplè nou ta renmen fè konnen ke arè (stop) Charles MGH-la pa fèt pou moun ki andikape-yo.

Ankake Wap Vini Nan Tren (Telke Ou Ta Pran Yonn Nan Gwo Tren Ki Rele "Amtrak" Oubyen "Commuter Rail")

Lè ou rive nan dènye arè (tèminis-la) ki rele South Station-nan pran tren rouj-la (Red line) ki make Alewife. Lè-ou fini pase 2 arè (stop) ki rele Downtown Crossing avek Park Street, sepou desann nan twazyèm arè-a. Seva arè Charles MGH, sa ki vle di: arè pou ale nan Lopital Jeneral Masachisèt-la (Mass General Hospital).

Si se nan are ki rele North Station ou desann tren AMTRAK-la, sepou pran ti tren koule vèt-la (Green line). Lè wava rive nan arè (stop) Park Street, desann tren vè-a, epwi chanje, pran tren rouj (Red line) ki pwale Alewife. Ouap genyen pou fè yon sel arè nan tren rouj-la, sepou desann nan pwochen estop-la kiseva arè Charles MGH.

Etan ou nan arè Charles MGH-la, chèche pou wè kote ki ekri dirèksyon pou vini Lopita-la. Swiv direksyon sa-yo. Rantre nan Cambridge Street, mache yon blok sèlman. Rive nan premye kwen-an, wava jwenn ri North Grove Street. Vire a goch nan ri North Grove Street, lava mennen-w dirèkteman nan rantre prensipal Lopital-la.